Jeremiah 52:33
Li wete rad prizonye ki te sou Jojakim lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' jouk Jojakim mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.
Cross References
Genesis 41:14Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l' soti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l', li chanje rad, epi li parèt devan farawon an.
2 Samuel 9:7David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.
1 Kings 2:7W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m' lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.