Jeremiah 8:13
Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:39N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmen va fin manje tout.
Isaiah 5:4Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?
Isaiah 24:21Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.
Jeremiah 14:15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Ezekiel 22:19Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm.
Ezekiel 24:3Ou pral bay yon pawoli sou move ras moun sa yo ki gen tèt di. W'a di yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Mete yon chodyè sou dife, plen l' dlo.