Job 1:16
Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:28Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
Leviticus 10:2Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a.
1 Samuel 14:15Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
2 Kings 1:10Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
2 Kings 1:14Dife soti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.
Amos 7:4Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.