Job 12:17
Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
Bib La
In The King James Version
He leadeth counsellors away spoiled, and maketh the judges fools.
In Context
18Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
Cross References
2 Samuel 15:31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
Job 9:24Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?
Isaiah 29:14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.