Isaiah 29:14
Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 12:17Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
Isaiah 19:3Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.
Isaiah 28:21Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.
Isaiah 44:25Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
Jeremiah 19:7Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.
Obadiah 1:8Seyè a di konsa: -Jou m'ap pini moun Edon yo, m'ap disparèt tout moun ki gen bon konprann nan peyi a, tout moun lespri ki rete sou mòn Ezaou a.