Job 13:26
W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.
Bib La
In The King James Version
For thou writest bitter things against me, and makest me to possess the iniquities of my youth.
In Context
27Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.
Cross References
1 Kings 17:18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.
Job 20:11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
Psalms 88:3(088:4) Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.
Jeremiah 31:19Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.
John 5:14Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.