Job 16:9
Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!
Bib La
In The King James Version
In Context
10Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
Cross References
Job 6:4Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Job 13:24Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
Job 18:4Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
Psalms 35:16Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.
Psalms 50:22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Lamentations 3:10Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.