Job 6:4
Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.
Cross References
Deuteronomy 32:42Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.
Job 9:17Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.
Job 16:12Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
Job 21:20Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
Job 31:23Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.
Psalms 18:14(018:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.