Job 18:11
Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.
Bib La
In The King James Version
Terrors shall make him afraid on every side, and shall drive him to his feet.
In Context
10Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.
12Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.
Cross References
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Job 20:25Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
Job 27:20Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.
Psalms 73:19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.