Job 20:25
Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
26Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
Cross References
2 Samuel 18:14Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a.
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Job 18:11Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.
Psalms 7:12(07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
Psalms 88:15(088:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
2 Corinthians 5:11Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.