Job 18:21
Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
Surely such are the dwellings of the wicked, and this is the place of him that knoweth not God.
In Context
20Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.
Cross References
Judges 2:10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Job 21:14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
Psalms 79:6Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
Jeremiah 10:25Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
1 Thessalonians 4:5Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.