Job 19:25
Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
Bib La
In The King James Version
For I know that my redeemer liveth, and that he shall stand at the latter day upon the earth:
In Context
24pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!
26Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Job 16:19Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
Psalms 19:14(019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Proverbs 23:11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.
Isaiah 43:14Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Isaiah 59:20M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa.