Job 2:4
Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 47:17Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen.
Joshua 9:24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.
Esther 7:3Estè reponn li: -Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban mwen sa m' vle a, tanpri, sove lavi m' ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou.
Isaiah 2:20Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
Matthew 6:25Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
Luke 12:23Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.