Job 29:25
Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.
Cross References
Genesis 14:14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.
Deuteronomy 33:5Seyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble.
2 Samuel 5:2Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
Job 1:3Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
Job 31:37Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.