The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 5 › 2 Samuel 5:2

2 Samuel 5:2

Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.

Bib La

In The King James Version

Also in time past, when Saul was king over us, thou wast he that leddest out and broughtest in Israel: and the LORD said to thee, Thou shalt feed my people Israel, and thou shalt be a captain over Israel.

In Context

1Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.

3Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.

Read all of 2 Samuel 5

Cross References

1 Samuel 9:16-Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.

1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.

1 Samuel 18:5Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.

1 Samuel 18:16Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.

1 Samuel 25:30Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,

2 Samuel 7:7Nan tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 5:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 5:12 Samuel 52 Samuel 5:3 →