Job 31:6
Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.
Bib La
In The King James Version
Let me be weighed in an even balance, that God may know mine integrity.
In Context
5Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?
Cross References
Joshua 22:22-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
Job 6:2-Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,
Job 27:5Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
Psalms 7:8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
Psalms 26:1Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
Proverbs 16:11Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.