Job 34:10
Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.
11Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
2 Samuel 22:31Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Job 8:3Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
Job 34:34Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:
Job 37:23Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
Psalms 145:17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.