Job 36:16
Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.
Cross References
Job 19:8Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.
Psalms 18:19(018:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
Psalms 23:5Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.
Psalms 36:8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
Psalms 63:5(063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
Psalms 118:5Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.