Job 36:22
Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.
Bib La
In The King James Version
Behold, God exalteth by his power: who teacheth like him?
In Context
21Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.
23Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.
Cross References
Job 33:12La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
Psalms 25:5Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Psalms 94:10Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?
Psalms 119:102Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
Isaiah 48:17Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.
Jeremiah 27:5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.