Job 36:31
Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.
Bib La
In The King James Version
For by them judgeth he the people; he giveth meat in abundance.
In Context
30Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.
32Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.
Cross References
Genesis 7:17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.
Exodus 9:23Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.
Deuteronomy 8:15Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou.
1 Samuel 2:10Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
1 Samuel 12:18Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.
Job 38:22Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?