1 Samuel 2:10
Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:6Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
1 Samuel 7:10Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la.
1 Samuel 12:13Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li.
1 Samuel 12:18Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.
1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.