Job 39:21
Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.
Bib La
In The King James Version
He paweth in the valley, and rejoiceth in his strength: he goeth on to meet the armed men.
In Context
20Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?
22Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.
Cross References
Judges 5:22Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.
1 Samuel 17:42Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'.
Proverbs 21:31Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.