Deuteronomy 32:42
Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:23M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.
Psalms 45:5(045:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
Psalms 68:23(068:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
Jeremiah 16:10Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi?
Jeremiah 46:10Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat.
Lamentations 2:5Tankou yon lènmi, Bondye sèl Mèt la fini ak pèp Izrayèl la. Li kraze dènye gwo kay li yo, li detwi tout fò li yo. Li fè moun peyi Jida yo rete ap plenn sou plenn.