Joel 2:11
Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 22:14Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Isaiah 7:18Lè sa a, Seyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò dlo larivyè Nil la. L'ap rele moun peyi Lasiri yo pou yo soti tankou lesen myèl lakay yo.
Isaiah 42:13Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
Jeremiah 30:7Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.
Ezekiel 22:14Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.