Joel 2:12
Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Judges 20:26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
1 Samuel 7:6Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
2 Chronicles 6:38si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou,
2 Chronicles 20:3Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.