Joel 3:12
Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:26Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
Psalms 7:6(07:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
Psalms 96:13lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
Psalms 110:5Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.
Isaiah 3:13Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a.
Ezekiel 39:11Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la.