Joel 3:13
Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n'ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n'ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.
Cross References
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Genesis 18:20Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
Isaiah 63:3Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.
Lamentations 1:15Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.
Matthew 13:39Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
Revelation 14:15Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.