Joel 3:17
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 15:19Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.
Psalms 76:2(076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Isaiah 52:1Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
Ezekiel 43:12Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.
Daniel 11:45L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.