Joel 3:16
Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.
Cross References
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.
Isaiah 42:13Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
Isaiah 51:16Lè m' t'ap louvri syèl la, lè m' t'ap mete fondasyon latè a, mwen te di moun Siyon yo: se pèp mwen nou ye. Mwen te mete pawòl mwen nan bouch nou. Mwen te pwoteje nou ak fòs ponyèt mwen.