Joel 3:5
Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 5:2Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an.
2 Kings 16:8Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.
2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
2 Chronicles 21:16Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram.
Jeremiah 23:7Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!