Jan 5:10
Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.
11Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale.
Cross References
Exodus 31:12Seyè a di Moyiz konsa:
Isaiah 58:13Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,
Jeremiah 17:27Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.
Mark 2:24Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?
Luke 6:2Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?
Luke 23:56Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.