Jan 1:4
Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
Bib La
In The King James Version
In him was life; and the life was the light of men.
In Context
3Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
5Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t' resevwa li.
Cross References
Psalms 60:1(060:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (060:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (012.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (060:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 42:16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Matthew 4:16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
Luke 2:32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
John 5:21Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.