Jan 10:8
Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo.
Bib La
In The King James Version
All that ever came before me are thieves and robbers: but the sheep did not hear them.
In Context
7Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
Cross References
Jeremiah 23:1Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 34:2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.
Zechariah 11:4Seyè a, Bondye mwen an, di m' konsa: -Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa.
John 10:1Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.
John 10:27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.