Jan 14:30
Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
Cross References
Luke 1:35Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.
Luke 24:44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.
John 16:11Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.
2 Corinthians 4:4Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
Ephesians 2:2Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.
Colossians 1:13Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.