Jan 14:31
Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 26:39li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
Luke 12:50Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive.
John 10:18Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
John 12:49Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.
John 18:1Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.
Philippians 2:8Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.