Hebrews 2:4
Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l' vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Bondye pa t' bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an.
Cross References
Daniel 4:35Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
John 4:48Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
Acts 2:32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
Acts 4:10Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye.
Acts 19:11Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak.
1 Corinthians 12:4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.