Jan 18:11
Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?
Bib La
In The King James Version
In Context
12Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
Cross References
Ezekiel 23:31Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la.
Matthew 26:39li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
Mark 10:38Jezi reponn yo: -Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?
Luke 12:30Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.
John 11:41Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
John 15:10Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou.