Jan 19:4
Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
Cross References
Matthew 27:19Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
Matthew 27:54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
Luke 23:41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
John 18:38Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a.
2 Corinthians 5:21Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
1 Peter 1:19Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.