Jan 19:5
Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
Isaiah 43:1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
John 1:29Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
Hebrews 12:2Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.