Jan 2:21
Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
Bib La
In The King James Version
But he spake of the temple of his body.
In Context
Cross References
John 1:14Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
1 Corinthians 6:19Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
Ephesians 2:20Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.
Colossians 2:9Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye.
1 Peter 2:4Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li.