Jan 20:9
(Disip yo pa t' ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mò yo.)
Bib La
In The King James Version
For as yet they knew not the scripture, that he must rise again from the dead.
In Context
8Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè.
10Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
Cross References
Psalms 22:15(022:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.
Matthew 16:21Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Mark 8:31Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
Mark 9:31paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.