John 4:20
Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye?
Cross References
Genesis 12:6Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.
Deuteronomy 11:29Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal.
Deuteronomy 27:12-Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.
Judges 9:6Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
2 Kings 17:26Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.
1 Chronicles 22:1Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.