Jan 5:2
Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.
Cross References
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
Nehemiah 12:39Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.
Isaiah 22:11Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.
John 19:17Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
John 20:16Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).