Jan 5:3
Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 13:4Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò.
Lamentations 3:26Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
Matthew 15:30Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.
Luke 7:22Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.
James 5:7Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.