Jan 5:38
Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.
Bib La
In The King James Version
And ye have not his word abiding in you: for whom he hath sent, him ye believe not.
In Context
Cross References
Joshua 1:8Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Isaiah 49:7Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
John 1:11Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li.
John 5:42Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.
John 8:37Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.