Jan 6:30
Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa ou pral fè?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:8Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a.
1 Kings 13:5Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.
Isaiah 7:11-Mande Seyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki soti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki soti anwo nan syèl la.
Matthew 16:1Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.
Mark 15:32Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
John 2:18Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a?