Matie 16:1
Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 3:7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Matthew 9:11Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?
Matthew 12:38Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
Matthew 16:6Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.
Matthew 19:3Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
Matthew 22:18Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit?