Jan 6:65
Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
66Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò.
Cross References
John 6:37Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
John 10:16Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
John 12:37Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li.
Philippians 1:29Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
2 Timothy 2:25Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
Hebrews 12:2Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.