Philippians 1:29
Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 5:11Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
John 1:12Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
Acts 5:41Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Romans 5:3Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
Colossians 2:12Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.