Jan 7:13
Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
Bib La
In The King James Version
Howbeit no man spake openly of him for fear of the Jews.
In Context
14Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale.
Cross References
Proverbs 29:25Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.
John 9:22Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la.
John 12:42Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.
John 20:19Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
2 Timothy 2:9Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.